1. Akseptasyon Tèm yo
Lè ou itilize VwaLibre (vwalibre.com), ou aksepte tout tèm ak kondisyon sa yo otomatikman. Si ou pa dakò avèk kèk nan yo, tanpri pa itilize platfòm la. Itilizasyon kontini platfòm la konstitye akseptasyon total ak definitif tèm sa yo.
2. Deskripsyon Sèvis la
VwaLibre se yon platfòm piblik ki ofri:
- Denonsyasyon anonim — Soumèt denonsyasyon kòripsyon, insekirite, avili ak enjistis
- Aktualite — Pataje nouvèl kiltirèl, edikasyon, relijyon, sosyal ak politik
- Kote Piblik & Touris — Dekouvri espas piblik ak touristik nan Ayiti
- Anons & Piblisité — Sèvis piblisité ak anons piblik
3. LIMIT RESPONSABILITE — KONTNI ITILIZATÈ
VwaLibre PA responsab pou:
- Kontni denonsyasyon, atik aktualite, oswa kòmantè itilizatè pibliye sou platfòm la
- Presizyon, verasite, oswa konplètman enfòmasyon itilizatè bay
- Domaj, pèt, oswa pwoblèm ki rezilta de itilizasyon enfòmasyon sou platfòm la
- Dwa moun ki site nan denonsyasyon oswa atik — se otè a ki responsab
- Desizyon oswa aksyon ki baze sou kontni platfòm la
Chak itilizatè ki soumèt kontni responsab:
- Pou verasite ak presizyon enfòmasyon l ap pataje
- Pou respekte dwa lòt moun, vi prive, ak regle legal
- Pou konsekans legal tout fò enfomasyon oswa difamasyon
4. Itilizasyon Akseptab
Ou dakò pou:
- Pa soumèt fo enfòmasyon, difamasyon, oswa enfòmasyon ki ka nui yon moun san prèv
- Pa soumèt kontni seksyèl, vyolan, rasis, oswa diskriminatwa
- Pa eseye idantifye denonsyatè anonim
- Pa itilize platfòm la pou espionaj oswa vyolasyon vi prive
- Pa eseye detounen, manipile, oswa atake sistèm nan
- Pa pibliye kontni ki vyole lwa Ayiti oswa lwa entènasyonal
5. Verifikasyon ak Moderasyon
Nou fè efò pou revize kontni yo anvan piblikasyon, men nou pa garanti 100% presizyon. Nou rezève dwa retire, modifye, oswa refize pibliye nenpòt kontni ki:
- Vyole tèm sa yo
- Kontni fo, difamasyon, oswa manipilasyon
- Kontni ki ka nui platfòm la oswa kominote a
6. Piblisité
Sèvis piblisité sou VwaLibre ki achte rezève dwa VwaLibre retire oswa pa pibliye si kontni l pa apwopriye. Ranbousman posib sèlman si piblisité a pa janm pibliye.
7. Vi Prive ak Done
Denonsyasyon yo se anonim — nou pa kolekte IP adrès pou denonsyasyon. Pou piblisité ak kont admin, nou ize done nesesè sèlman pou fonksyone sèvis la. Gade politik konfidansyalite pou plis detay.
8. Pwopriyete Entelektyèl
Kontni ou soumèt rete pwopriyete ou, men ou bay VwaLibre dwa pibliye, pataje, ak distribye li sou platfòm la. VwaLibre ka retire kontni a nenpòt lè.
9. Modifikasyon Tèm yo
Nou ka modifye tèm sa yo nenpòt lè san avètisman. Chanjman yo ap efektif imedyatman apre piblikasyon sou paj sa a. Itilizasyon kontini platfòm la apre chanjman yo konstitye akseptasyon.
10. Lwa Aplikab
Tèm sa yo gouvène pa lwa Repiblik Ayiti. Pou nenpòt litij, tribinal Pòtoprens gen jiridiksyon.
11. Kontak
Pou kesyon sou tèm sa yo, kontakte nou: info@vwalibre.com oswa paj kontak la.